English  | Français | Español | ภาษาไทย | Kiswahili | नेपाली

Accountability Counsel pran angajman pou li reyalize travay li nan entegrite, kote l ap respekte pi gwo nòm pwofesyonalis ak etik ki genyen, nan respè total dwa ak enterè ajans kominotè epi òganizasyon ki se patnè nou yo.

Si ou genyen nenpòt preyokipasyon konsènan travay nou ap fè, oswa si ou okouran yon move konpòtman oswa vyolasyon politik nou yo ki atache pi ba a, nou vrèman ankouraje ou soumèt doleyans ou genyen atravè fòmilè sa ou kapab itilize. N ap pran tout doleyans yo oserye. Ou kapab soumèt doleyans ou an san ou pa bay non w. Nou p ap fè okenn reprezay oswa diskriminasyon kont okenn moun ki fè yon denonsyasyon.

Enfòmasyon ki  konsène preyokipasyon sa ak jesyon dosye a ap rete an sekirite pandan tout tan pwosesis la epi y ap pataje enfòmasyon sa yo sèlman ak moun ki nesesè k ap jere dosye a. Òganizasyon Accountability Counsel ap veye pou pwosesis anrejistreman doleyans yo fèt yon fason detaye, ki klè e pou sa fèt nan konfidansyalite; pou evite tout vyolasyon politik yo, enfòmasyon sa yo estoke yon fason ki sekirize.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou politik nou yo pi ba a:

Si ou genyenkesyon sou politik sa yo, tanpri kontakte nou nan imèl sa a: ethics@accountabilitycounsel.org. Direktè Finans ak Administrasyon ak Direktè Egzekitif la ap resevwa imèl sa yo.